Opinion

Clodia Jean, oswa Repiblik Silansye Manman ki Kanpe Dwat

Reynoldson Mompoint
Pòtoprens, 01 février 2026

Gen fanm ann Ayiti listwa ofisyèl pa janm site, men san yo peyi a ta deja kraze net. Yo pa siyen dekrè, yo pa fè konferans pou laprès, yo pa jwe teyat pouvwa. Yo fè pi gwo zak politik ki egziste a : yo kenbe lavi a kanpe. Clodia Jean se youn nan fanm sa yo.

Li fèt Trou-du-Nord, yon 23 desanm. Sou papye, se yon fanm senp. Men an reyalite, Clodia Jean se yon moniman kouraj. Yon manman ayisyèn ki chwazi lanmou olye rayisman, diyite olye revanj, rezistans olye abdikasyon.

Nan ane 2004, sou wout Okap–Pòtoprens, li pèdi tout fon komès li kite fèt sèlman ak bagay kite konn soti Panama. Pandan li t ap ale nan kapital peyi a pou l al achte, vòlè bare bis li te ladan lan epi vole tout pasaje abò. Tout sa li te bati ak sakrifis, swe, ak espwa kraze sou wout sa a ki tounen simityè rèv pou ti machann yo. Leta pa t la. Jistis pa t la. Sekirite pa t la.

Men Clodia Jean te la.
Li pa kraze.
Li ploye, men li pa kase.
Li antre nan inivèsite débrouya ayisyèn nan.
Labapen.
Kafe ak lèt.
Rwayal.
Dlo ak ji mare nan sachè. Nan mache pay Okap, li fè ti komès ki nan limit kapasite li. Chak goud li ranmase deja gen non sou li : lekòl, kaye, inifòm, manje, respè.

Manman sis (6) pitit — kat gason ak de fi, li leve fanmi sa ak anpil sakrifis. Li pote chay ekonomik, chay emosyonèl, chay moral, san fè bri, san mande pitye. Men sa lavi pa t fini ak li.

Clodia Jean resevwa plizyè kout rigwaz lavi. Men genyen de ki kite mak sou do li. Premye a se lanmò kadè li depi nan nesans li. Yon blesi ki pa janm fèmen. Men lavi frape ankò : li pèdi yon lòt pitit, avan dènye a, nan laj 34 lane.

Pou li menm, se pi gwo mal ki pa janm rive l. Yon doulè ki pa gen mo, yon chagren ki pa gen remèd. 4 jen 2024, avan dènye pitit li mouri. Yon pati nan li tonbe. Yon manman pa janm antere pitit li san li pa mouri yon ti jan tou. Men Clodia Jean refize kite lanmò genyen dènye mo a. Malgre tout soufrans li santi. Malgre tout doulè k ap ravaje li. Li reziste. Rezistans sa a pa t soti nan ògèy. Li soti nan lafwa.

Clodia Jean se yon kretyèn konsekan, ki rete fidèl ak Kris malgre tout pèsekisyon, malgre tout kestyon lavi poze l. Li pa preche ak bouch, li preche ak aksyon. Li montre pitit li yo lanmou, respè, disiplin, ak imilite. Lakay li, lafwa pa t yon dekorasyon dimanch, men yon pratik chak jou.

Se rezilta sa nou wè jodi a.
Dènye pitit li se avoka, pwofesè ak jounalis. Youn nan pitit gason li se jiris, jounalis ak pwofesè. De pitit fi li yo se pwofesè ak kominikatris. Sa pa fèt pa chans. Sa pa fèt pa mirak. Sa fèt pa sakrifis yon fanm ki fè edikasyon tounen relijyon, lanmou tounen metòd, kouraj tounen disiplin.

Pou tout moun ki te gen chans viv ak li, Clodia Jean se Sè CO, se Grann CO — pa kòm tinon senp, men kòm ikon vivan. Yon lekòl san tablo. Yon liv san papye. Yon modèl san mikwo.

Nan yon peyi ki glorifye fòs brit ak pouvwa vid, Clodia Jean raple nou yon verite senp men douloure : Ayiti kanpe toujou gras ak fanm ki pa janm abandone, menm lè lavi rache tout nan men yo.

Li pa janm dirije ministè.
Li pa janm vote lwa.
Men li fòme moun.

E pafwa, se sa menm ki pi gwo zak kouraj ak patriyotis ki egziste.

 

Reynoldson Mompoint, Avocat, Communicateur Social, Journaliste
mompointreynoldson@gmail.com
WhatsApp +50937186284

Adblock détecté

Soutenez Constant Haïti en autorisant les publicités ! Chers lecteurs, Les publicités que nous diffusons nous permettent de continuer à vous offrir des informations de qualité, gratuitement. En désactivant votre bloqueur de publicités pour Constant Haïti, vous nous aidez à maintenir notre site en ligne et à produire des contenus indépendants qui vous tiennent informés. Nous faisons en sorte que les publicités restent discrètes et non intrusives. Merci pour votre soutien !